Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

– AVI –

août 16
20:45 2024
455769608_883264587167563_3266419271026438928_n 455694736_883264633834225_3932679193473828756_nPòtoprens, 16 dawou 2024.- Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon(DIE) fè konnen, a pati lendi 19 dawou 2024, la p fè yon kanpe sou pwodiksyon nouvo paspò, pou yon ti bout tan. Desizyon sa rive pran akòz anpil dosye paspò ki rete bloke nan sistèm nan.
Ak desizyon sa ki pran pou pèmèt sevis la fonksyone pi byen, DIE ak kapab konsantre fòs li ak mwayen li genyen, pou l rive mete deyò “Di mil san senkant kat” (10.154) paspò ki toujou andedan sistèm nan, ki poko jan m ka livre. Se yon dispozisyon ki kadre tou ak vizyon DIE, ki vle pou chak grenn paspò, byen trete, epi fèt nan yon tan ki pa twò long.
Yon lòt bò, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon ap fè popilasyon an ak tout enstitisyon ki abitye kolabore ak li yo konnen, desizyon pou kanpe sou pwodiksyon nouvo paspò yo, pou yon ti bout tan, pwal ede yo amelyore kalite sèvis la nan jou ka p vini yo. La p pèmèt li tou, depi yo fini libere paspò ki bloke yo, rekòmanse resevwa lòt demand ak fè nouvo paspò nan plis transparans epi nan mwens tan.
DIE ap anonse, li mete kanpe yon ekip ka p travay espesyalman pou fini avèk tout dosye paspò ki nan soufrans yo. Konsa tou, la p itilize tout kanal ofisyèl Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo ak pòtay nimerik Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon yo pou enfòme piblik la sou kijan travay yo ap vanse.

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

septembre 2024
D L M M J V S
« Août    
1234567
891011121314
15161718192021
22232425262728
2930